Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Mwen jalou Rubens Avril

Mwen jalou pou je w k ap gade lòt gason

Mwen jalou pou cheve w van ap pede soufle

Mwen jalou pou wòb ou w ap leve pou w pise

Mwen jalou pou bouch ou lang ou ap byen souse

Mwen revolte lè m wè kilòt ou pran plas mwen fè yon sèl ak po dèyè w

Mwen jalou, mwen pran tranble lè m wè rad sou ou ap plede karese po w

Mwen jalou, mwen fou

Mwen jalou, mwen jalou  paske  pafen w mete pran plas sant kò mwen

Mwen rayi solèy ki klere kò w bay lòt jennjan kontanple

Mwen jalou pou dlo k ap koule sou po w trò dous

Mwen jalou pou pwent tete w k ap bo ak soutyen w

Mwen jalou lè m la lè m panse m gen pou m pa la

Mwen jalou

Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :